#Haiti: Men kòman anpil gwoup gang rive pran nesans, epi poukisa li vin tèlman difisil pou menm Leta a demantle yo san yon fòs endepandan, ki pa nan paspouki, pou dirije operasyon yo. Ann kite rapò Nasyonzini ak Depatman Trezò ameriken pale. Dapre ekspè @ONU_fr yo, pandan eleksyon 2016 yo, ansyen depite Prophane Victor te distribye zam bay jèn gason nan Petite-Rivière-de-l'Artibonite pou konsolide pouvwa politik li. Se nan kontèks sa a gang Gran Grif la te devlope. Nan septanm 2024, Etazini ak ONU te pran sanksyon kont ansyen depite a.
Se konsa, Gran Grif vin enplike nan kidnaping, vyòl, asasina, ekstòsyon ak masak. Nan oktòb 2024, gang lan te atake Pont-Sondé, kote anviwon 100 moun te pèdi lavi yo. Nan me 2025, administrasyon Trump lan te deziyen Gran Grif kòm òganizasyon teworis, epi ONU te mete l sou lis sanksyon li an jiyè 2025.
Poukisa rapèl sa a enpòtan? Paske li montre youn nan rezon ki fè Leta gen difikilte pou l reprann kontwòl teritwa gang yo okipe: nan kèk ka, se ansyen responsab Leta ki te kontribye nan kreyasyon ak devlopman gwoup ame sa yo. Dosye Prophane Victor la se yon egzanp dokimante. Kidonk, li enpòtan pou egzamine si kèk presyon kap fèt kont operasyon sekirite yo, tankou sa fòs salvadoryen yo ap mennen, pa gen enterè politik kache dèyè yo.
Fok popilasyon an kale zye li....
#Haiti: An jeneral, Ayisyen gen yon respè patikilye pou sa ki sakre. Respè sa a anrasinen nan edikasyon ak kilti nou depi nou tou piti, men, teworis yo pa respekte menm kote moun konsidere kòm sakre yo. Zak yo raple fè sonje metòd gwoup ekstremis vyolan tankou Boko Haram ak Al-Shabaab, ki deja komèt atak kont kominote relijye yo kote yap feraye.
Nan dat 1e Avril 2021, yon gwoup teyoris te voye youn nan yo antre nan yon legliz Advantis nan Diquini, (Kafou), pandan yon sèvis adorasyon ki tap retransmèt an dirèk, pandan yo menm tap chanje :".Le nom de Jésus est si doux" yon bèl chan ki nan "Chant D'Esperance" fransè an, mesye yo te kidnape Pastè Audalus Estimé ansanm ak twa lòt moun.
Zak sa a te yon gwo kou pou kominote kretyèn nan. Li te simen laperèz nan mitan fidèl yo, ki te vin gen rezon pou yo pè menm anndan kote yo te konn al chèche lapè, gras ak rekonfò espirityèl.
Lè teworis rive vyole sakralite yon legliz, se pa sèlman fidèl yo yo atake, se libète relijyon ak diyite tout yon sosyete yo menase. Misyon @nayibbukele an dwe kontinye se sel espwa pou kanpe aktivite kriminel sa yo.
Letènèl frape yo!
@nayibbukele manyen yo!
#Haiti: Gen yon detay nan kay Lanmò San Jou a ki merite yon analiz pi pwofon sou plan sikolojik ak sosyolojik. Sa ki etonan, kay sa a pa yon kay li achte tout fèt, daprè enfòmasyon ki sikile yo, se li menm ki te fè konstwi kay li.
Nan sikoloji konpòtman, yon envestisman konsa tradwi yon pèsepsyon “stabilité” kòmkwa pa gen anyen ki ka deranje li. Sa vle di msye tèlman alèz, li tèlman kwè nan kontwòl anviwònman li, li menm oze planifye avni l sou plizyè ane.
Sa vle di lè msye rele tèt li majistra li nan Plènn lan, li konsidere teritwa li kontwole yo kòm espas kote yo li kapab etabli pouvwa li alontèm.
Franchman, sa se yon sijè rechèch ki ta merite atansyon yon etidyan kap prepare yon memwa nan sikoloji sosyal oswa kriminoloji paske nan listwa nou bandi se nan kache yo konn fonksyone, bandi se ak kagoul yo konn vire koulye a nèg yo san kagoul epi yo gen adrès.
#Haiti: Zanmi nou, Prezidan Bukele, mande lokalizasyon palè majistra Lanmò San Jou a. Nan mwens pase 72 èdtan, kay la tonbe plat atè!
Au final, on peut bien conclure que le mot « Foulay » ne peut être placé devant le nom du président Bukele !🫡
@nayibbukele
#Haiti: Nan kòmansman Fevriye 2023, pandan kantite viktim vyolans gang teworis yo tap kontinye ogmante, nou te mande peyi zanmi Ayiti yo pou yo vin ede nou fè fas ak kriz sekirite a.
Kanada te woule nou nan farin. Pou l te pete nou, li te deplwaye yon avyon militè CP-140 Aurora, nan dat 5 Fevriye 2023, pou fè siveyans ak ranmase enfòmasyon sou aktivite gang yo, m tande!. Aprè 48èd tan vòl siveyans, nan dat 7 fevriye 2023, avyon an te retounen Kanada, san yo pat deplwaye okenn grenn sòlda sou teren an. (Canada ranks 28th worldwide in military power, compared with 129th for El Salvador).
Teworis yo te konsidere sa kòm yon viktwa, e sa te ka ba yo plis konfyans toujou. Nan lannwit 8 pou rive 9 fevriye 2023, anviwon 24 a 48 èdtan aprè avyon militè Kanada a te retounen, gang teworis Gran Grif la te lanse yon atak bosal nan zòn Dodart ak Desjardins, nan komin Vèrèt, depatman Latibonit.
Gwoup sa a, ki responsab zak vyolans grav kont popilasyon sivil la, fè nou sonje lòt òganizasyon teworis tankou Boko Haram nan Nijerya, ki sèvi ak masak, kidnaping ak laterè pou simen laperèz nan mitan popilasyon an. Nan atak sa a, omwens 8 moun te pèdi lavi yo, anviwon 10 te blese, 18 te kidnape, epi anviwon 50 kay te piye san konte sa ki boule.
Si lè sa a yo te deplwaye 2,000 sòlda, tankou jan Prezidan @bukele fè l la jodi a, petèt nou te ka deja fini ak pwoblèm ensekirite ann Ayiti…
Kanada, Jezi wè w, tande!!!
@GSForceHaiti @pnh_officiel @realErikDPrince @nayibbukele
Tande temwayaj dam sa ki te apèn akouche, kisa teyoris yo te fè li kwake li fe sezaryènn...
#Haiti: Youn nan rezon ki fè nou gen yon kantite moun deplase konsa jodi a, se paske lè teworis yo ap mennen operasyon, yo fòse popilasyon an kite zòn yo pou chèf gang yo ka gen plis espas, pi bon vizibilite ak plis libète pou konfwonte fòs lòd yo.
Pou moun ki chwazi rete an silans devan zak teworis yo, ki refize denonse yo oswa ki jistifye aksyon yo, atitid sa a kapab kontribye nan banalizasyon vyolans lan. Menm sou plan sikolojik ak moral, silans ak konplizite ede teyoris yo kanpe debou. Operasyon @GSForceHaiti , @pnh_officiel @forcesarmeesht @realErikDPrince , prezidan @nayibbukele komanse bay rezilta...
@ONU_fr
#HaitiTech: AI la tèlman bosal, li antre ak tout fòs li nan endistri mizikal la, li menm rive depase kèk atis reyèl nan popilarite. Anpil moun, menm gwo animatè mizikal, pa konnen si #Doz se yon atis ki kreye ak entèlijans atifisyèl.
Poutan, li deja rasanble 150 milyon vizyalizasyon sou rezo sosyal yo ak prèske 280,000 moun kap koute mizik li chak mwa sou Spotify. Menm mwen menm li te bon sou mwen 👌
#Update: Prezidan Donald Trump te fe yon ti bat bouch nan emisyon @60Minutes aswè a. Mwen pran tan pou m seleksyone ekstrè ki konsène imigrasyon pote ba nou, epi tradwi yo an fransè pou enfòmasyon yo rive jwenn yon odyans ki pi laj.
Nou konnen bato anpil Ayisyen komanse pran dlo depi 27 jiyè 2026, dat desizyon Administrasyon an te mete fen nan TPS pou Ayiti a. Nou espere videyo sa a ap ba w yon lide sou fason dosye imigrasyon an kòmanse pran plas nan mitan deba yo, espesyalman aprè eleksyon yo.
#Haiti: Èske imaj ki anba a se kay bawon an toutbon? Yon rechèch apwofondi nan yon baz done ki gen 86.5 milya imaj pa jwenn okenn foto ki sanble ak li. Sepandan, rezilta sa a pa vle di imaj la pat egziste deja, ni li pa sifi pou konfime otantisite li.
Aprè analiz menm foto a avèk yon lòt lojisyèl espesyalize, rezilta yo mande pou nou rete pridan. Pou kounye a, ann konsidere imaj la kòm yon foto ki kapab otantik, men san nou pa konfime li. Nou ka estime yon nivo konfyans 70%, avèk 30% rezèv, men pousantaj sa yo rete yon estimasyon, yo pa yon prèv syantifik.
Ann tann @pnh_officiel ak @GSForceHaiti .
#Haiti: ¿Es este @nayibbukele? Veye pou nou wè , aprè operasyon sa nou pral gen anpil timoun ki rele Bukele, Juan Guardo, Esteban, Rivaldo…. 😀
#Haiti: Kòm syans medikal fè anpil pwogrè nan dènye ane sa yo, nan pwen kote yo kapab retire kè yon moun epi ranplase l ak kè yon bèt, si videyo sa a pa brase konsyans ou, manyen lestomak ou pou verifye si se pa yon bout fè ou genyen nan plas kè w.
Videyo sa yo pap janm efase nan memwa kolektif nou. Yap toujou rete kòm temwayaj sou soufrans viktim yo, pou raple tout moun kap pran pozisyon an favè teworis yo ke pozisyon yo ap kontribye nan pwolonje malè ak soufrans popilasyon an.
Kèk ra moun kap retweet pòs sa paske pou yo mize granmoun sa ki te gen 4 kay kap dòmi kay zanmi, kap pase mizè se yon bagay nòmal pou yo.
Letènèl frape yo! @GSForceHaiti @realErikDPrince ,@nayibbukele misyon an pa gen pri, se yon misyon delivrans li ye!
#Haiti: Lè teworis yo tap maspinen polisye sa a, ak tout inifòm li sou li, drapo peyi a sou bra gòch li ak anblèm nasyonal la sou fwon li, okenn ONG pat denonse zak sa a ni fè deba sou sa kwake videyo an te viral.
Non sèlman yo te maspinen kòmandan paske li fè pati lapolis , men yo te rive kraze zo l tou lakòz (probably) poutèt oryantasyon seksyèl li.(@LGBTfdn )
Pa gen bagay defann Teyoris ki sou menm lis ak Boko Haram yo epi ki sou sanksyon #ONU, teworis yo gen 2 chwa: rann tèt yo bay @pnh_officiel oswa tonbe anba operasyon fòs lòd yo.
@GSForceHaiti @realErikDPrince @nayibbukele
#Haiti: Anpil biznisman ann Ayiti sipòte gang teworis yo, men se pa toujou paske yo vle. Gen ladan yo ki fè sa pou pwoteje enterè ekonomik yo olye pèp lan.
Mwen sonje yon konfrè polisye ki te responsab sekirite yon makèt . Li te oblije kite ti jòb la paske patwon an te toujou ap plenyen li pa gen mwayen pou peye l, alòske chak fen mwa, chèf bandi nan zòn nan te konn pase pran anvlòp li san pwoblèm.
Gen biznisman ki pito pa travay ak polisye paske nèg ki gen pouvwa fè dezòd la plis nan enterè li. Gen lòt ki menm rive konfye bandi responsablite sekirite biznis yo. Se tankou yo mete chat veye mantèg! Se konsa, ti kras pa ti kras, yo kontribye nan febli otorite lapolis pandan yap ranfòse pouvwa gang yo.
Pi grav toujou, se kèk nan menm moun sa yo ki konn leve vwa yo pou defann bandi chak fwa gen operasyon kont yo, pa paske yo sousye de popilasyon an, men paske yo pè pèdi avantaj ak enterè pèsonèl yo.
Sa se « observation participante », gen kèk bagay sèl moun ki te pase nan Lapolis ki kapab esplike yo, si w pat pase nan moul lan ou pap konnen doulè an. ( Ervin Goffman)
@GSForceHaiti @pnh_officiel
#Haiti: Jan nou konnen sa deja, teworis Viv Ansanm yo itilize dwòn pou siveye operasyon @GSForceHaiti ak @pnh_officiel.
Pou sekirize baz operasyon yo, li enpòtan pou etabli zòn entèdiksyon vòl dwòn (No-Drone Zones) epi itilize teknoloji Counter-UAS, tankou rada, detèktè radyo-frekans (RF) ak kamera tèmik, pou detekte menas ayeryen yo, yo konn atake @pnh_officiel deja sou pwen sa.
Pa bliye, nap fè fas ak gwoup teworis ki kapab depanse gwo lajan pou jwenn asistans teknolojik avanse. Nou pa konnen ki kapasite yo genyen ni ki plan yo kapab prepare.
Entèdi dwòn vole nan perimèt baz operasyon yo, detekte yo epi netralize nenpòt menas ayeryen se yon priyorite. Teworis yo anba presyon; nou pa konnen ki plan yo genye se poutèt sa, prevansyon ak vijilans dwe rete solid.
@DefensaSV @nayibbukele @NoticieroSLV
#Haiti: Menm lè mouche sa pa ta rive pi lwen nan Leta si Leta te vle fè yon travay serye pou pèmèt popilasyon an rale yon souf, se swa msye tap nan tèt ministè an, sekirite piblik oubyen minis enteryè… nou dwe aprann sèvi ak moun nou wè ki bay rezilta pa sa kap pale nan bouch tankou Himmler Rebu….
⭕️ENFO | Sete youn nan etap enpòtan li te bezwen franchi, pou li konplete enskripsyon li kòm kandida pou pòs Prezidan peyi Dayiti,🇭🇹nan pwochèn eleksyon yo.🗳️Antouka se ofisyèl. Vandredi 6 novanm 2026 la, demisyon Jean Ernest Muscadin aksepte. Nan yon korespondans Ministè Lajistis ak Sekirite Piblik voye bay komisè gouvènman Miragwan nan, yo fè li konnen yo resevwa epi aksepte demisyon li an. Nan korespondans sa a, Minis Jistis la Patrick Pelissier remèsye Muscadin pou travay li fè nan tèt Pakè a pandan pasaj li. Daprè sa ki mansyone nan koresponsans Ministè a, lèt demisyon an te soumèt nan dat 29 oktòb 2026. Avèk demisyon sa a ki akespte a, Jean Ernest Muscadin ap kapab finalize pwosesis pou li vin kandida pou pòs Prezidan, anba banyè FCN | @passioninfoplus
#Haiti: Pa gen operasyon sekirite efikas san bon kominikasyon ak bon jan enfòmasyon. Konpayi @DigicelHT ak @natcomht, ansanm ak CONATEL, ki kontwole sektè telekominikasyon an, gen yon wòl enpòtan pou yo jwe nan kad lalwa. Gwoup teworis yo sèvi ak telefòn mobil, radyo kominikasyon ak entènèt tou pou kominike.
Operasyon ki vize baz gang yo sèlman pa sifi, paske manm gwoup sa yo kapab deplase rapidman. Se poutèt sa, ransèyman serye, teknoloji lokalizasyon, dwe fè pati yon estrateji sekirite ki pi laj.
@GSForceHaiti @pnh_officiel @nayibbukele
#Haiti: Nan moman sa a, si yon moun pa kapab di anyen ki pozitif sou operasyon @nayibbukele a , se swa li fè silans, swa li pouse yon bon kout « Hmmmm! » Paske pèp sa a te soufri twòp anba represyon gang yo, pandan ou menm, ou pat janm leve vwa w ase fò pou fè soufrans yo tande.
Si ou pa gen anyen pou di ki ka ede derasinen teyoris yo jous anba rasin yo, ou sipòte yo menm sikolojikman epi tou ou sipòte menm gwoup ki ap fonksyone parèy yo tankou Boko Haram. Si w pa gen anyen pou di: “Zip it up!”
#HighTech: Moun kap simaye rayisman, menas ak betiz sou rezo sosyal yo, ansanm ak bandi kap ekspoze krim sou rezo yo, prepare nou! Avèk yon majorite Demokrat nan Kongrè ameriken an, gwo konpayi teknoloji tankou TikTòk, X, YouTube pou m fè lis lan pi kout, yo pral fòse retounen ak yon moderasyon pi sevè, menm jan sa te ye 2 zan pase. Make sa yon kote!
#Haiti: Nan langaj militè, avèk evolisyon teknoloji jodi a, ou pa menm bezwen adrès ni nimewo kay pou lokalize yon kote. Kowòdone GPS yo kapab bay yon pozisyon jewografik ak anpil presizyon, menm si yo ka gen yon ti maj erè.
Militè prezidan @nayibbukele ak @GSForceHaiti yo resevwa fòmasyon pou itilize kòdone GPS pou lokalize pozisyon ak planifye operasyon yo.Teknoloji sa a pèmèt yo idantifye yon zòn san yo pa bezwen yon adrès tradisyonèl. Men kòdone GPS , sitwayen plèn lan : 📌18.606349, -72.130484






