Bon enèji depi byen bonè! Yè maten, Grenadye yo te nan djim nan pou kontinye travay sou kondisyon fizik yo pou pwochen defi a. Chak ti jefò konte.
Nou kontinye wè plis solda vin pran plas yo nan gwoup la! Grenadye yo ap rejwenn koekipye yo youn apre lòt, e sa fè plezi wè jan ekip la ap pran fòm.
Byenvini nan kan an, mesye! Nou kontan wè nou ansanm. 💙❤️
Yon lòt jounen travay pou jèn Grenadye U-17 yo nan peyi Brezil! Ekip la te sou teren an jodi a pou kontinye antrenman yo nan kad preparasyon pou Koup di Mond FIFA U-17 la. Kiki Ramos te pwofite fè premye sesyon li ak rès gwoup la apre li te fin jwenn koekipye li yo nan kan an.
Stephen Oscar Ramos, alyas Kiki, fèt 3 avril 2009 nan Pòtoprens. Jèn jwè Vélez Sarsfield la chwazi Ayiti e pral rejwenn U-17 yo nan Brezil!
FFH swete l byenvini nan fanmi Grenadye yo. Mèsi ak ajan li ak Vélez Sarsfield pou kolaborasyon an. Kiki, ou lakay ou! 🇭🇹
Federasyon Foutbòl Ayisyen an swete Kayden Leighton Hugh Pierre byenvini nan seleksyon nasyonal la! Lateral dwat Jong Genk la, ki te fè premye pa pwofesyonèl li nan Sporting Kansas City, vin ranfòse defans Grenadye yo.
Byenvini lakay ou, Pierre!
Federasyon Foutbòl Ayisyen an swete Patrick Emeka Nwadike byenvini nan seleksyon nasyonal la! Defansè santral FC Spartak Trnava, nan Slovaki, vin mete eksperyans foutbòl Ewopeyen li nan sèvis Grenadye yo.
Byenvini lakay ou, Patrick!
Lis Grenadye ki konvoke pou pwochen fenèt FIFA a, kote Ayiti ap fè fas ak Etazini 14 novanm. Nou konte sou nou tout pou jwe wòl 12yèm jwè a, pou Grenadye yo ka bay tout sa yo genyen pou mete souri nan kè pèp ayisyen an.
14 novanm, ann pran direksyon Nu Stadium, Miami, pou sipòte Grenadye yo fas ak Etazini nan premye match ka de final Lig Nasyon CONCACAF la. Ann ranpli estad la, leve vwa nou epi fè yo santi tout Ayiti dèyè yo!
Nou tout se Grenadye!
Yon lòt bèl pèfòmans pou jèn Grenadye U-17 yo!
Ayiti bat Vasco da Gama 4-1 nan match amikal la, ak gòl Widlet Jean Simon (35’), Emerson Laisse (37’), Exilas Marvenly (61’) ak Casillas (77’). Yon viktwa ki ankourajan nan preparasyon pou Koup di Mond FIFA U-17 la.
Jèn Grenadye U-17 nou yo te fè dènye reglaj yo nan antrènman ayè madi 3 novanm nan, ak anpil konsantrasyon ak detèminasyon, anvan rankont yo jodi a kont Vasco da Gama.
Ann reviv kèk moman nan sesyon sa a, kote ekip la kontinye travay pou bay pi bon pèfòmans li sou teren an.
Festival Koup di Mond U-15 : Ayiti wa Karayib la, 61yèm sou 189 seleksyon!
Avèk 6 viktwa, jèn Grenadye U-15 nou yo fini 61yèm sou 189 seleksyon nan Bakou, 4yèm nan KONKAKAF la epi premye nan Karayib la devan Jamayik. Yon bèl pèfòmans ki fè fyète peyi a!
Grenadye Alaso! 💙❤️
Jèn Grenadye U-17 nou yo kontinye mete tout enèji yo nan estaj preparasyon an nan peyi Brezil. Chak sesyon antrènman se yon okazyon pou amelyore, ranfòse tèt yo epi avanse ansanm nan objektif pou rive nan Koup di Mond FIFA U-17 la pare pou defann koulè ble e wouj la.
Ann gade kèk bèl moman nan premye sesyon antrènman jèn Grenadye U-17 nou yo, ayè vandredi 30 oktòb 2026 la, nan peyi Brezil! Nan bon kondisyon, ekip la kontinye travay ak detèminasyon pou prepare Koup di Mond FIFA U-17 la. Grenadye Alaso!

























































